
Sa fè desan trant kat ane, nan nuit 14 out 1791 an, zansèt nou yo te leve kanpe nan Bwa Kay Iman pou di non a esklavaj, wi a libète, epi wi a inite. Se pa t sèlman yon rasanbleman, men aksyon fondatè yon konsyans nasyonal: Inite Ayisyen an.
Nan espas vid sa a, nan mitan yon epòk chenn ak fwèt, fanm ak gason te chwazi pou yo pwoklame dwa yo pou yo viv lib sou tè yo. Yo te konprann ke ansanm, yo te kapab “alèz lakay yo”, kraze chemen esklavaj la epi louvri chemen pou lavni.
Bwa Kay Iman te yon pak politik, kiltirèl ak espirityèl alafwa. Yon pak sele nan lang pèp la, kreyòl, epi nouri pa yon kwayans pataje, Vodou, yon siman espirityèl ak kiltirèl ki te bay pèp sa a fòs pou l kanpe kont lòd kolonyal la. Moman sa a te sele desten kolektif nou: nou p ap janm esklav ankò.
Men, eritaj sa a oblije nou. Li fòse nou gade prezan nou an avèk lidite: èske nou vrèman “alèz lakay nou” jodi a? Èske nou ka pretann nou onore Bwa Kay Iman si ensekirite chase pitit nou yo, si povrete toufe fanmi nou yo, si divizyon mine avni nou?
234 ane apre, Bwa Kay Iman dwe tounen bousòl nou ankò. Se pa yon souvni ki bloke nan liv listwa; se yon envitasyon pèmanan pou chwazi inite olye de dezakò, rezistans olye de reziyasyon, ak konstriksyon olye de abandone.
Si zansèt nou yo, nan nuit 14 Out 1791 la, te jwenn fòs pou yo ini pou kraze chenn yo, nou menm, jodi a, nou gen devwa pou nou jwenn fòs pou nou rebati kay komen nou an. Paske Ayiti ka sèlman vrèman lib lè chak Ayisyen ka di, an tout verite:
“Mwen alèz lakay mwen.”
Jean Junior Remy
© Dwa otè 2025. Fòs Chanjman Nasyonal. Tout dwa rezève