Lwa Konstititif

Lwa Konstititif Pati a

Nan lane de mil vennkat, nan dat siz desanm (06/12/2024), nou menm, manm fondatè yo, sitwayen Ayisyen, k ap jwi tout dwa sivil ak politik nou yo, grasa Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun nan dat 10 desanm 1948; Pwotokòl Entènasyonal sou Dwa Sivil ak Politik Nasyonzini te adopte nan dat 16 desanm 1966; Konvansyon Ameriken sou Dwa Moun nan dat 22 novanm 1969; dispozisyon Kòd Penal la konsènan egzèsis dwa politik yo; dekrè 30 jiyè 1986 ki reglemante fonksyònman pati politik yo; nan preanbil konstitisyon 1987 la nan 4èm paragraf li a ak dispozisyon ki nan atik 17, 28, 31-2, 52, 52-1, 58, 59, 60, 88, 137, 158, 220, 232, 281, ak 281-1, reyini an Asanble Jeneral a onzè nan maten, epi apre diskisyon ak deliberasyon, nou rive nan konklizyon sa a: nou dwe kreye yon enstriman politik pou dekole priz povrete a epi defann dwa kiltirèl, sosyal, ekonomik ak politik Nasyon Ayisyen an.

Pou rezon sa a, nou menm, manm fondatè yo, nou deklare solanèlman ke nou deside etabli tèt nou, sou baz deklarasyon prensip yo, epi adopte a l'unanimité règleman sa yo pou pati politik ki rele a FOS CHANJMAN NASYONAL.



(Lwa Konstititif konplè a fòmalize kreyasyon pati a ak anrejistreman legal li. Tèks ki anwo a se yon ekstrè entwodiksyon.)

© Dwa otè 2025. Fòs Chanjman Nasyonal. Tout dwa rezève